Charbon VS. Propane - Poukisa Haitien Itilize Chabon Pou Fè Manje Toujou?

Haiti: CHARBON Vs PROPANE -- Haitien telman abitye ak chabon dife, genyen nan yo ki panse chabon bay manje ki bon gou... Mwen fe yon experyans ap propane en Haiti, mwen panse li bokou pli ekonomik ke chabon... SO... Poukisa Haitien kontinye ap itilize chabon pou fe manje toujou?


Charcoal Burning in Haiti - Charcoal as Cooking Fuel

Lotrejou, map fe blag ak yon ti sè mwen ki ap viv nan yon peyi etranje, mwen di li, si yo te pèmèt matant mwen, li tap flanke yon twa pye dife oswa yon resho chabon dèyè kay la... lè konsa, apatman-an tap nwè ak lafimen chabon... LOL...

An nou imagine 2 moun ki vwazen bezwen fe yon ti cafe en Haiti... yonn itilize chabon, yon itilize propane...

Vwazen a propane la limen ti fou li, li mete kafe li sou dite...

Vwazen a recho chabon a menm, fok li pran yon vye asyet pou'l ale pran chabon an, fok li cheche bwa pen, limen bwapen an, sanble dife a, tann dife a pran, vante,.. vante... epi li mete kafe a sou dife...

Distans met recho chabon an mete kafe a sou dife, met fou a gas propane la gentan finn bwe kafe li lontan!

E lè kafe finn bwè?

Vwazen a gaz propane la, li just eten fou-a. pa gen pyes gas ki gaspiye eksepte pou kafe a fèt... Mèt resho a menm... fok li kite chabon an boule tounen sann dife... Sof si se kouzinn mwen an ki pran dlo, li etenn chabon an, epi mete li nan soley...

QUESTION: Eske ou panse Haitien ap PRAN KONSYANS yon jou epi kanpe sou zafè chabon an OSWA eske ou panse se LETA ki dwa mete on ola nan sa?

Kisa ou panse?

Kite yon mesaj

Write a comment  (1)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (1)

Patrick Princivil says...

Nou ta rin-min débarasé nou de charbon en Haïti sé ta yon bonne idé li pap aussi facile kom jan nou konpran nan, gaz la sé lajan, di si yo ta acheté ti réchaud á 3 places yo sou tou pou port au prince a ki couran yo pral fè' marché?

Lè nap gardé Belladè- Lascahobas-Mirbalais et pi mwen wè bagay yo komansé amélioré Croix-Des bouquet, EDH ap plédé jwé nan kouran yo tankou sé ti mou' mwen de 2ans kap plédé monté suis desan suis a chak moman, yo bay li! yo pran li et sé sa yap fè pou min-m pi piti 20 fois par mois; nèg kap soudé yo ta supozé gin prop génératris yo pou yo soudé no'w sé péyé nèg EDH yo anba tab pou yo utilizé couran an voizinaj yo ap pèdi frigidè yo, frizè yo, télévizion yo etc nan kouran kap monté désan yo pa min-m ran'n kont, dézod gog magog, Martelly ak Lamorthe gin yon charge trè lourd nan main yo sèlman intélijan ki ap konpran sak-kap pasé en Haïti a. Lè yon transfomatè boulé nan EDH tout mou'n ap nan blakaout pou plis ké yon mwa, si Président Martelly ak Lamorthe ta gin mwayin pou'l ta acheté 2 ou 3 transformatè pou amélioré bagay yo fok yo ta fè yon dépo nan là kou lakay yo pou jéré sa paské gin nèg nan EDH yo ki tap pran yo dépi anlè yal van yo st Domingue.

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Charbon VS. Propane - Poukisa Haitien Itilize Chabon Pou Fe Manje Toujou? edit

» »