Apre Bondye se Manman-m, Pastè a di ou pa Dwe di sa...

Anpil fwa, ou tande yon Haitien ap pale, li di: Apre Bondye se manman-m, apre bondye se papa-m, oswa se yon matant, tonton ki a letranje... Jodi a mwen tande on pastè ki ap preche nan radio, li di ou pa dwe di bagay konsa, li di w-ap "Blasphemer le non de l'Eternel..."


In Haiti there are so many Things that make you go Hmmm...

Lè-m tande paste a di sa, gen yon zanmi ki te bò kote-m, nou yonn gade lòt... Epi nou kòmanse ap diskite kisa pastè a vle di...

Lè-w tande yon Haitien di-w APRE Bondye se entèl, sa vle di anpil bagay... Sa vle di si se pat moun saa ki te lonje-l la men, li pa tap rive kote li rive nan sosyete a...

Kèk fwa tou, Haitien an di apre Bondye se entèl, li vle di tou si se pat moun saa li patap menm vivan.

Mwen pa yon bon Chretien, ni tou mwen pa yon pastè, men, mwen pa ka konprann kijan yon pastè fè ap preche yon assanble an kreyol epi pou li di moun sa yo, nan yon sans, ke yo pa dwe gen la rekonesans pou yon fanmi oswa yon zanmi ki represante yon pilier nan lavi yo chak.

Nou tout se Haitien, e nou chak gen o mwen yon moun nan la vi nou ke nou ka di, wi, apre Bondye se moun saa, san ke nou pa santi ke n-ap blasphème non Gran Mèt la. epi tou, mwen sèten ke se Gran Mèt la menm ki mete moun saa nan chimen ou.

Gen de bagay yon moun fè pou ou, ou santi kòm si se Gran Mèt la menm ki soti nan syèl la desann sou latè vinn pote-w sekou paske lòm pa bon nan eta saa... Alòs... Ki dwa yon pastè pou anpeche-w di apre Bondye se moun saa?

Kisa ou panse de sa?

Kite yon mesaj

Write a comment  (12)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (12)

Patrick Princivil says...

Matthew 1212:46 ¶ Jezi t'ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l' ak frè l' yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l'.

12:47 Se konsa yon moun di Jezi: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou.

12:48 Men Jezi reponn moun ki te di l' sa a: Kilès ki manman m'?

Reply  ... More

Patrick Princivil says...

3:6 Mwen se Seyè a, mwen p'ap chanje.

Se poutèt sa nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou pa disparèt nèt.

3:7 ¶ Depi sou tan zansèt nou yo nou pa okipe sa m' te ban nou lòd fè.

Reply  ... More

Jocelyne says...

Paster a granmoune li gin dwa di sal vle min mpakwè si yon moune di aprè Bondieu se intel li blasfeme nom Bondieu lè yon moune ede w se Bondieu ki mete sou kè li poul ede w aprè Bondieu se li min

Reply  ... More

Jocelyne says...

Paster a granmoune li gin dwa di sal vle min mpakwè si yon moune di aprè Bondieu se intel li blasfeme nom Bondieu lè yon moune ede w se Bondieu ki mete sou kè li poul ede w aprè Bondieu se li min

Reply  ... More

Jocelyne says...

Paster a granmoune li gin dwa di sal vle min mpakwè si yon moune di aprè Bondieu se intel li blasfeme nom Bondieu lè yon moune ede w se Bondieu ki mete sou kè li poul ede w aprè Bondieu se li min

Reply  ... More

Jean Odny Louis says...

Mesye men yon té'm mwen ta renmen nou diskute tou. " Eske li korek pou pasté yo ap fé kretyen peye Di'm nan tan sa'a nap viv

Reply  ... More

Jean Odny Louis says...

Mwen ta renmen pasté sa'a bay plis esplikasyonsou koman moun ki di apré bonDye se entél ap blasféme nom bonDye'a. Paske mwen poko wé nan bib la kote BonDye di pou pagen la rekonesans en vé yon prochenw.

Sélman mwen wé li di ou paka mete oken bagay pi wo pasel, paske se li ki sél

Reply  ... More

Jonas says...

Monche mwen rinmin atik sa neg nan leglis yo di sa yo vle Mwen minm mwen ka di apre bondie se madanm

Reply  ... More

Duly says...

Salut.

li ta bon yon moun cheche pran sans sa paste a te vle esplike avan pou di: wi ou non sal di ou pa bon.Sel bagay pou'n bliye, nou se imaj ''Dieu " tout sa noufe pou youn nan frè nou yo se mwen nou fe li.Anko, mwen te grangou, swaf,epi malad ou pat pran swen mwen.Kote parol sa yo soti?

E kisans yo genyen dapre ou?

Paste sanble bliye parol sa

Reply  ... More

Jacques L says...

Gen de le moun vi'n ak nenpot filozofi pou konfonn pep la. Jezi te di pi gro komandman se aime ton Dieu de tout ton coeur et de tout ton ame. Li di apre sa, lot komandman sa osi enpotan: Aime ton prochain comme toi-meme.

Se bondye ki fe nou ak santiman, pou renmen lot et apresye lot. Pou di'm ke se ou blasfem pou remesye on fre'w pou sa'l fe pou ou?

E ou pa mete moun lan devan bondye, ou mete'l apre?

Reply  ... More

Showing 1 - 10 of 12 comments | Read More Comments »

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Apre Bondye se Manman-m, Paste a di ou pa Dwe di sa... edit

» »