Gade kisa yon Kawotchouman fè Machinn mwen an Haiti LOL...
Resilta Reparation Kawotchou Haiti nan men Kawotchouman san Zouti...
Mwen te yon jan prese, mwen kite kawotchou a nan men misye pou rajne. Lè-m tounen, mwen jwen kawotchou a, yon kawotchou tubeless, nan yon press, stil press ki ranje chanm bekann yo, ak yon DIFE ki ap boule andedan li, lè-m mande misye kisa l-ap fè la a, li reponn: "M-ap kwuit li"
Ti bagay nwa ou wè nan foto-a se yo moso chanm misye koupe pou li eseye kwit yon kawotchou tubeless... LOL...
3 lot bagay yo ou wè yo, se boulon misye kase pandan li t'ap demonte kawotchou a nan machin nan.
Eske misye te ranje kawotchou a?
NON...
Misye dim kawotchou a pa bon paske li pa ka kenbe van. li fè-m achte yon chanm mete andedan kawothcou a pou 400 goud, li fè-m peye li plis pase 200 goud pou tout sa li fè yo, chanm la fè yon jou selman.
Ou konn sa ki pi bel la? Mwen travese frontye Haiti an rantre Sen Domeng, yon ti kawotchouman lotbo fontye a ranje li pou mwen pou 100 pesos...
Anpil kawotchouman Haiti gen yon bout fè, yon pens, yon tonn a vis, epi yo sèl bòs nan kanton an...
Kisa-w panse de sa?
Kite yon mesaj
You might also like
- WOW... I wish this was the new Haiti Route Nationale No. 8, Etang Saumatre, Malpasse...
- Depute Arnel Belizaire Gets a TWO-DAY visa to the United States
- Haiti: Yon camion ki ekri an anglais "We Help People", Haitien tou poste revandication yo sou li LOL...
Hot Haiti Topics
Haiti Photo Stories
New Haiti Topics
Leave a Reply
Name (required) E-mail (required, will not be published)» »