Haiti - Pouse yon bourèt pa vle di Bouretye pou sa - Yon Istwa...

Nan Cap-Haitien, te gen yon ti tonton ki te konn pouse bourèt bò mache a. Manman li te mouri kite li ak yon ti sè pou li okipe. misye pat ka jwenn anyen pou li fè pou li mete manje nan vant li ak nan vant ti sè a, li sètoblije pouse yon bouret pou li degaje li.


Haiti - de mesye ki ap pouse bourèt pou yo cheche pain quotidien yo...

Yon jou, misye kite ti sè a lakay yon pwòch li, li degaje li, pran kantè rantre Miami. Misye fè tout jefò ki posib, li goumen, li goumen, travay, edike tet li, epi voye chache ti sè li a.

Misye fè travay di, jouk li rive achete machinn, achte kay, li menm arive jwen yon bèl demwazèl ki te vinn madanm li.

Yon jou, misye rantre nan yon restoran Haitien, li bwase ak yon lot ti jennom...

Jennom la gade misye li di:

"Ou pa sonje-m?"

Misye reponn: "Non, mwen pa sonje-w..."

Jennom lan gade misye, li gade madanm misye, epi li di:

"ahh... Ou pa sonje-m, mwen m sonje-w... ou te Bouretye Okap, ou te konn pote pou manman-m..."

Misye reponn: "Non... Mwen pat jan-m bouretye... Ou tronpe-w!"

Jenonm lan reponn:

"Ahh monchè... Se pa paske ou nan Miami konyea, ou gen yon bèl fanm avè-w pou-w pa vle admet ke-w te bouretye monchè... Bon manman-m te gen yon boutik bo mache a, ou te konn pote pou li, epi konyea ou di ou pat bouretye?"

Misye rete kè kal, li reponn:

Non, fre-m... Ou tronpe-w... Bouretye se yon metye... Mwen te konn pouse bourèt paske manman-m te mouri kitem timoun, pou-m pat vinn mande devan lakay ou. pou-m pat tann kras manje lakay ou. men mwen pat bouretye... Se bouret la ki mennenm isit la. mwen chanje lavi-m... Fok ou fè atansyon ant yon moun ki ap pouse bouret la, ak yon bouretye... Se pa menm bagay..."

Jenonm lan pat ka reponn...

Misye gade jenonm lan li souke tet li, li pran manje li, li pase men nan kou madanm li, epi li ale...

Fè atansyon ak mo ki soti nan bouch ou... yon moun ki ap pouse yon Bourèt pou li viv, sa pa vle di li se bouretye pou sa...

Write a comment  (4)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (4)

Sonia Moro says...

Se sak pa bon Ak la plupart ingnoran lakay nou yo....

Se poul t ka sou estime neg la kifel t besoin dil sil pa sonjel la se bouretye li ye a....

poukisa li pat bal yon ponyen lamen Ak yon bel akolad poul t felicitel...epui li ta chuchote nan zorey misye poul dil moncher ou fè anpil effort nan viw mwen respecte sa....pou kotew t ye Ak kotew ye jodia...move Laron sa yo....Se yo menm ka ramase kk chien benyen chien lè yo rive haiti yap di Se nan office yap travay la oui....zagribay la pat vle lot la

Reply  ... More

Sylvio says...

Eske w sonjé Djo Kannel ki te kon récite poesi ki te rele "Le Coq" Djo te yon bouretie akènes yon bel bouret tou nef. Yon bel

Reply  ... More

Gabriel says...

Enpostans ki genyen nan vi sa, Se respekte tet ou ak respekte lot yo. Li vreman enpotan pou yon moun cheche mwayen pou li viv. Anpil Ayisyen Telman siveye zafe moun, yo prefere raplew Jan viv pat bon, olye yo filisitew pou efo. Paske yo ta toujou renmen pou yo sou tet ou. Renmen Bondye, renmen tet nou, remen prochen, tout pot ap ouve ak lafwa nan

Reply  ... More

Patrick Princivil says...

Mwen pa gen anyen pou-m map bosé, kèlkéswa sa-m map fè pou-m manjé yon pain sé métyé-m, yon sèl bagay map lité pou Satan ak mové zanj yo e ak lemonde entyé pa akizé-m pou vòlè, lougarou, machan-n mou-n, masonlòj, bizango, chanpoèl, vòlè, machan-n dròg, kidnapè, rat pa kaka etc...

Map viv au Canada dépi 6

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti - Pouse yon bouret pa vle di Bouretye pou sa - Yon Istwa... edit

» »