Pè Lebrin Ale Nan Menm Avyon Avèk Aristide

Yo boule yon patizan lavalas nan tigwav!

mezanmi, mwen li nan nouvel internet jodi-a ke yo mete pè lebren sou you patizan fanmi lavalas jodia.

nouvel la di ke moun yo te pè pou patizan lavalas la pa reaji, poutèt sa yo boule li avan li fe kèk aksyon sou yo.

sa sa BS!

Mwen pa no pou, mwen pa ni kont, simpleman, mwen vle ayisyen an general bay yon lòt figi dekwa pou ti ayisyen k-ap grandi kapab fiè demin.

mwen vle tout ayisyen chwazi la dwati kòm BIB YO. e pou yo respekte-l tankou yo respekte la sint bib.

Lè nou younn ayisyen aji tankou yon bèt, se nou tout ayisyen yo mete nan pak la.

Yo [etranje yo] pa fè distinksyon kiyès ki bon, ni kiyès ki pa bon.

avek zafè internet sa-a koz tout le mond antye ap gade nou nan vitrin.

sa yo wè ya li fè mwen wont anpil.

pito yo di aysyen grangou, you pa di li baba.

nenpòt moun ki ka pran yon frè yo, met yon kawotchou nan tèt li, mete gazolin, epi bali dife, mwen men-m ki ayisyen wi, mwen pap dakò rete bo moun sa.

Si-m kapab disa antank yon ayisyen, kisa etanje ya pral di li men-m

Mezanmi, fè atansyon, le mond ap gade nou nan vitrin.

Mezanmi ankò, fè atansyon, le mond ap gade nou nan vitrin.

Si nou pa vle yo tretenou tankou bèt, sispan aji tankou bèt.

Tanpri souple, tous stasyon radio, tout chèn television, radiodjòl, teledjòl, bay mesaj sa-a pou mwen tanpri souple.

le pli souvan, mwen ekri atik an nanglè, jodi-a mwen ekri an kreyòl pou ke se nou ayisyen sèl ki konprann

Write a comment  (1)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (1)

Topic says...

donc, nous minm la jeunesse en haiti kounie la...li tres important pou nou organize nou pi red ...pou nou avanse lan lutte pou liberation pays an ...se pas tjrs restavek ki gin kontrol pays ya ..fok ka gin yion yon patriotes nationalistes ki pran reellement la

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Pe Lebrin Ale Nan Menm Avyon Avek Aristide edit

» »