Moun sa yo... Se Haiti "pantalon, zèl sapat chire ak boyo nan pye-a" yo vle wè...
Si mwen konpran li byen...
Se Haiti "panye sou tèt la" yo vle wè...
Se Haiti "wou, manchè ak makouti nan do a" yo vle wè...
Se Haiti "pantalon, zèl sapat chire ak boyo nan pye-a" yo vle wè...
Se Haiti "fanm tèt mare nan tout olon gran chimen-an ak yon laye nan mitan fouk yo-a" yo vle wè...
Ki pwoblem moun sa yo ak devlopman peyi saa???
Gen sa yo ki chita chita yo nan peyi etranje, zòt menm, yo nan bèl "Maison" yo, y'ap tande Michel Sardou, Nana Mouskouri, yap li Victor Hugo, epi y-ap fe "Stylistique" avek avni peyi-a...
Malere ap sove kite peyi-a pa pil ak pa paket pou yo al chache vye job nan peyi etranje epi tout lide ki ta ka pote JOB ak LAJAN nan peyi d'Haiti, ou tande de "Colonisation"
Kisa nou panse de moun sa yo?
Kite yon mesaj
You might also like
- Ile-a-Vache Haiti - The Struggle to Turn the Island into a Resort Island
- Tilus Lebrun, yon anplwaye Haitien, tiye Boss li poutèt li poste photo-l sou Internet la...
- Pastè-a di: Ou pa bezwen lajan, lè-m mouri, ou pap ale ak Anyen, Fidel yo fache...
All Comments (3)
Se pi bel parol ou kapab di paske mwin voyaje anpil preke tout ti pehi nan Caribe se de touris yap viv yo pa minm ginyin opotinite Haiti ya epi tout bagail ap mache bien se paske ginyin yrop pati politic epi mod polititien ki pa fe science social epolitic sa yo chita ap kimbe peyi ya an
m vreman renmen atik sa a, c pa manti, yon paket moun ki di yo c savan depi yo we yon blan nan peyi ya yo komanse pale tenten pandan se tan yo pa konprann c etranje ki devlope yon peyi. si n ap gade nan tout ti peyi nan karaib la tout gwo hotel ki genyen se blan ki konstwi yo epi y ap bay konbien mil moun travay.
nan republik dominiken 80/100 hotel se pou espaniol yo ye epi tout bagay ap bien mache, gouvenman an ouve pot pou tout moun vin envesti.
Se vre proverb la di baton k nan min w ak li ou pare kou. Sa fe n konpran onetete se kalite ki pi difisil pou moun kiltive sitou nan Mond polarize sa a. Depi w dezonet ou vin inkonpetan paske ou oblige fe ekse d zel pou w bay satisfaksyon.
Mwen pa kwe nan 20 denye ane k pase yo se premye fwa gen Jefo ki fet pou promote touris nan peyi a. Sa ki te toujou gro problem sete machin insekirite a, Eske w sonje nan ki sekte chef insekirite a te soti. Eske w sonje sa te mete ayiti nan lis peyi pou touris pa voyaje.Eske w sonje se lotrejou la a ambago sa a te leve.Alos nan atik sa a la se sou ki moun ou lonje dwet. Respe pou ou Zanmi
Hot Haiti Topics
Haiti Photo Stories
New Haiti Topics
Leave a Reply
Name (required) E-mail (required, will not be published)
» »