S.O.S. Hinche Haiti, Cochon ap Raboure Lari a, SOS bay La Mairie, l'Etat Central, Martelly Souple!

Mezanmi ou ka kwè sa? Ville de Hinche Haiti, Cite Charlemagne Peralte la, capital (chef Lieu) Department du Centre la, Cochon ap raboure lari a tout la jounen tout lannwit... SOS bay La Mairie... SOS bay l'Etat Central... Fè yon jan!!!

PHOTO: Hinche Haiti, Cochon ap Raboure Lari a...
PHOTO: Hinche Haiti, Cochon ap Raboure Lari a...

ALO Travaux Public, alo President Michel Martelly, alo tout Otorite ki gen pouvwa deside nan machinn leta a... Ville de Hinche sa yonn nan capital peyi a ki pi pre lakay vwazen, tanpri, retire wont saa nan figi peyi d'Haiti. Fè Hinche sanble yon Capital.

Mwen RAYI konpare Haiti ak Sen Domeng Men... Sa fè wont ke BANICA, yon ti zòn andeyò sou fwontyè Sen Domeng pi bèl pase Capital department plateau Central la.

Nou chita ap pale Dominicani mal epi ville principal nou yo sanble yon PAK KOCHON... Bon, li sanse yon pak kochon paske se konchon ki ap mache nan lari a tout la jounen tou lannwit.

Hinche Haiti Sept 2015 - Cochon ak Kabrit nan lari a
Hinche Haiti Sept 2015 - Cochon ak Kabrit nan lari a
Hinche Haiti Sept 2015 - Cochon ak Kabrit nan lari a
Hinche Haiti Sept 2015 - Cochon ak Kabrit nan lari a
PHOTO: Hinche Haiti, Cochon ap Raboure Lari a...

Mwen renmen ville natal mwen men mwen oblije voye mesaj saa deyo paske mwen bouke wè malproprete saa nan figi moun Hinche, moun Plateau Central, Pèp Haitien an.

Lè Prezidan Martelly ap mache a pie nan ville Hinche, yo kite li sou Adoken an, yo pa janm vire ak li deye leglize de Dieu an, deye SEPRENN pou li ka wè nan ki eta centre ville la ye tout bon.

Tanpri souple... RETIRE COCHON YO nan lari a, Fixe route yo, Aslphalte, adokine, yo pou bet sa yo pa jwen labou santi pou yo raboure...

Mèsi davans!

UPDATE: Gen moun ki mande pou kisa nou adrese mesaj saa by President peyi a Michel Martelly? Se pa cochon non nou mande President Martelly winn pouse pou nou, nap mande pou TOUT ville la asphalte pou cochon pa jwen labou santi nan lari a pou yo vinn raboure...

Write a comment  (1)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (1)

Saintfleur Sou Facebook says...

Se sak fe kolera, malaria pap fini nan peyi sa met kochon sa se pigwo kochon ki egziste, apres vini maire an, Sante piblik epi pep

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: S.O.S. Hinche Haiti, Cochon ap Raboure Lari a, SOS bay La Mairie, l'Etat Central, Martelly Souple! edit

» »