Haiti - Combien Chambre a Coucher ki genyen nan yon Kay 6 Pyès?

Mezanmi, kisa sa vle di lè yon Kay genyen 6 Pyès? --- Alèkile, la jeunesse Haitienne vinn tèlman eklere yo pa menm konnen kobyen pyès kay ki genyen nan yon kay. Map eseye eksplike yon moun ke lakay papa-m la genyen 5 pyès kay, li di-m oh non, se 2 chanm a kouche li ye... Ki afè de chanm a kouche w-ap pale laa? se 5 pyès kay wi mwen di-w... LOL...

Pou nou tout, Haitien Nouvelle generation yo, banm eksplike nou kisa sa vle di "5 pyès kay"...

Lè yon Haitien konstwi yon kay, tout sa ki pa konsidere yon twalèt se YON pyès kay li ye... Ke-w rele li salon, ke-w rele li salle a manger, cuisine, oswa chambre a coucher, se YON pyès kay li ye...

Nan bon lang Kreyol, depi li pi gro pase yon kabann, epi li genyen yon miray nan chak bò ak yon pòt pou-w rantre ladan li, se yon pyes kay li ye...

Sa vle di... Si ti kounouk kay papa-w te konstwi Haiti a genyen 3 chambre a kouche ladan li, yon salon, yon salle a manger, yon cuisine, sa fè total 6 pyès kay...

Rele yo jan-w vle, jan-w pito, se 6 pyès kay li ye...

Ou konprann?

Rezon ki fè yo tout rele pyes kay, mwen panse, se paske anpil Haitien ki fèt e ki grandi a la campagne (andeyò), se nan 2 ti pyès kay yon te grandi. yon ti kay palissade ki genyen yon ti pòt devan, yon pòt nan mitan, yon pot dèye.

Ansyen ti kay sa yo pat genyen cuisine ni twalèt andedan kay la, lèfini tou, zafè salon, salle a manger a, se nan bouk ki gen bagay sa yo...

Konyea bagay yo finn chanje, Haitien nan bouk ak nan vil yo komanse pale de Chambre a coucher, Salle a manger, men avan sa, mèt kay la di-w: "kay mwen an genyen 5 pyès..." W-a degaje-w, w-a ba yo non ou vle.

Question: Konbyen pyès kay ki genyen lakay ou a? LOL..

Kisa-w panse de sa?

Kite yon mesaj

Write a comment  (2)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (2)

Patrick Princivil says...

6 chambre à coucher vlé di:

6 chambre ki fèt pou moun dòmi, chak chambre sa yo dwé genyen pendri (closet) pou koké rad; san réfléchi fòk li genyen lòt plas ki genyen kòm pi piti 2 twalèt avek koté ki gen glas pou nou gadé figi nou e avek pouniture pou nou mété bòs a dent, savon, sèvièt, papier twalèt ki floché kòrèkteman sa a sé pa négosié: fò twalèt yo floché (flush) kòrèctéman, fò gen yon nan twalèt yo gen yon bon lavabo rézonab ladan avèk douche sistèm cho e frèt pou moun benyen, fò chak chanm gen yon fénêtre de sorti pou si en ka difé, sé pou sa fè sur nou pa fè kay nou kot vòlè ak moun kap pran drògue. sa ki rélé salon an menm fòk li genyen plas pou pi piti 3 canapé (sofa) avek gran pòt poun rantré avèk yo avek gran salle à diné ki ka pran 6 ak 8 chaises pou moun manjé avek asé plas poun mété meuble pou moun ki vlé télévizion, fò zòn nan bay internet (WIFI), chanm yo dwé gen bon jan pòt poun rantré avek meuble a tiwa pou mét dra, sèvièt etc. nan chambre yo, fò gen koté nan kay poun mété papié éjénik (toilet paper), extra zòrié, kloròs (bleach), fab etc.

Reply  ... More

Wilken says...

nomalman mw konprann sa se bagay moun andeyo men si wap pale ak yn moun eklere lel Diw kay la gen 3 chanb se 3 chanm a domi, se yn gro Kay paske li konnen fok gen twalet kizin salon Sal a manje etc...

Ou byen li ka diw 3 chanm yn garaj 2 lakou, sa vle di,3 chanm a domi yn packing avek de galeri, sitou pou moun kap Viv

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Haiti - Combien Chambre a Coucher ki genyen nan yon Kay 6 Pyes? edit

» »