Haiti Internet Service - NATCOM Parese Anpil nan Bay Sevis, yo Refize Banm Sevis, Poukisa?
PHOTO - Haiti Internet - Natcom Pa Vle Bay Sevis
Chak fwa ou ale nan NATCOM, yo di-w konsa se YON SEL switch ki genyen nan tout vil la pou konekte moun, YON SEL SWITCH? Wi... Se la pou yo konekte tout moun, epi kouri yon fil 400 mèt rive lakay ou, si ou pi lwen ke 400 mèt la ou chire...
Alo CONATEL, Alo CONATEL, Komsi pa gen anyen ou kapab fe pou fòse konpayi sa yo simen bon sèvis internet andedan vil yo korekteman pou tout moun jwenn???
Gouvènman an ap plede di "Haiti is Open for Business" epi 2 bagay ki pi enpotan pou biznis foksyone nan moman an, ki se Internet Access ak Electricite, Biznisman Haiti se nan CHALIMO yo ap rale sa nan peyi a??? Kèt mesye!!!
Sa ki pi enèrvan an, lajan ou nan pòch ou epi w-ap soufri...
NATCOM di zòt genyen "4 G Pete" epi yo pa ka bay yon kliyan sès nan yon ti vil tou piti tankou Hinche, yon sevis internet ki DEJA nan vil la, pou ou oblije ap tann, ou oblije ap souprye, ou oblije ap mete ajenou, ap di tanpri souple pandan ke LAJAN ou nen men ou epi ou paka jwenn sevis ke ou bezwen an...
NATCOM, leve pye-w non monchè...
N-ap plede di Yon ayiti yon rezo, Sispan pale, Travay, kouri fil nan vil Hinche pou nou mete konekte kliyan sou rezo a...
Konbyen nan nou kliyan Haiti ki chita ap tann Sevis Internet lakay yo epi NATCOM pa janm ka delivre...
Se espre NATCOM fè oubyen oswa se lajan yo ki kont yo pa vle bay moun sèvis?
Kite yon mesaj
You might also like
- Haiti Elections - Campaigning Starts But CEP Said Nothing About It...
- Haiti Business - New State of the Art Port Lafito Open for Business...
- Haiti Confessions : I Get Paid to Burn Tires and Protest in Haiti
All Comments (1)
Se menm bagay la tou ki pase mwen lèm te fè demand menm sevis FTTH man ville Petit Goave.
Kay mwen a 6 mn de marche de Natcom.
Yo dim mwen depase 800 mèt kab, yo pap ka enatale l pou mwen.
A lafen teknisyen an te mandem U$ 300 pou enstalasyon selman.
Donk sa fe mwen te vinn bay
Hot Haiti Topics
Haiti Photo Stories
New Haiti Topics
Leave a Reply
Name (required) E-mail (required, will not be published)
» »