Fanm Haitienne yo Lòt Nivo... Respè Pou Nou...

Medam Haitienne yo, respè pou nou... Mwen kwaze ak yon fanm Haitienne sou wout mwen ki fè-m renouvle respè mwen genyen pou tout Fanm Haitenne yo... Respè pou nou tout... Istwa-m pral katonte nou la-a, se yon ti istwa byen senp men ki vle di anpil bagay... Tande...

Chak maten, mwen leve byen bonè pou-m al fè yon ti mache...

Nan wout mwen, mwen pase devan yon teren ki genyen yon ti kay an bwa, nan ti kay sa-a genyen yon Haitien (jeran tè-a), madan-m li ak yon ti pitit fi ki ap viv sou li...

Preske chak maten, mwen wè dam la ak yon souri nan lèv li ki ap kondwi mari li rive jouk devan baryè-a. Li kenbe yon ti bwat a lunch mari-a nan men li, yo rive devan baryè-a, yon ti pale, yon ti souri, yon ti bo, li bay mari-a ti bwat a lunch la. epi misye pran lari...

Si-w wè jan misye kontan... San mwen pa exzajere, nèg la genyen yon kontantman ke milionè pa ka ashte...

Ou ka rele-m tripòt si-w vle, men chak fwa mwen pral rive nan zòn kote ti kay la ye-a, si-m poko wè yo, mwen fè yon ti ralanti... LOL... Se pa sèl yo menm ki kontan non, mwen kontan tou lè-m wè yo. Yo fè-m anvi damou ankò, yo fè-m realize ke se pa lajan ki pi enpòtan nan lavi-a... Yo fè-m realize tou ke ou ka kontan nan nenpòt sitiyasyon ke ou trouve-w... Depi-w vle...

Oshan pou tout Fanm Haitienne yo ki bay mari yo motivation ak lakontantman chak jou Bondye mete avan yo al bat lari-a

Kisa-w panse de sa?

Kite yon mesaj

Write a comment  (9)

You might also like

Return to Articles List

All Comments (9)

Genese says...

Istwa bel anpil pandan map li metem nan menm ambians lan.Map mande pafwa sise pa teknologi a ki trop avanse ki vini fe impact sou atmosphere lanmou.moun sa yo pa gen ni Tv, computer pas menm yon telefon pou yo kominike men lanmou regne lakay yo. chapo bas pou yo et pou tout moun ki pran lanmou nan bon sans li san

Reply  ... More

Marie Elie says...

Mwen pat we yo, men lem map li istwa-a mwen souri tou. vraiman mwen rinmin li, mwen rinmin le yon couple ap bien viv menm le yo pa gen anpil lajan yap bien

Reply  ... More

Sherly says...

It's nice to hear stories like

Reply  ... More

Patrick Princivil says...

Sa depan nan sa'l kwè-a si satan avec mové ange te parèt devan l'home tankou lion pou'l dévoré yo ki yès ki tap sèvi'l?

sé plu mieux ke-w té mande'l si ke sé chrétyen yo yé, pa bliyé ninpot mou-n ordinè pa ka chrétyen, yon mou-n ki chrétyen sé yon mou-n kap servi Bondyé papa nou ki nan syèl la, si yo di-w sé papa Bondyé nan syèl la ké yap sèvi nan yon coeur sincère ké yo nan yon bon chemin, min si yo di ke sé yon'n nan sa yo ke yo yé: lougarou, mason-loge, shanpoèl, zobop etc. ou mèt wè ké coeur yo contan se pou yon ti bout tan, talè yo pra'l criyé sang si yo pa

Reply  ... More

Rene says...

la konprehansyon se yon eleman ki rann lavi fasil, men fok li tou de kote menm le lavi a te di tankou rosh, avek konprehansyon, li vinn mou, li gou, li dous tankou yon pain ki tranpe nan yon bokit dlo ki melanje avek yon kanaval

Reply  ... More

Maryse says...

wawwwwwwwwwwww une belle histoire j aimerais trouver un homme qui m adore aussi comme cette femme adore son mari mais ou je vis cet amour n existe pas Seul le bon Dieu peut faire un miracle pour moi peut etre un jour tant qu il a la vie il y a de l espoir mon ami bonne chance a toi

Reply  ... More

Rich Crown says...

Bagay serye, Ti istwa saa telman fem kontan, E banm espwa, mwen manke fe yon sel kole tounen al viv nan peyi-m, lolll...

men se lem fe dezyem panse-a, ke poch mwen poko dako avek desizyon-an, men map priye Bondye pousa.

paske lanmou san entere se rev tout gason menm le'l se/te yon vakabon.

Respe pou tout fanm Ayisyenn ki kwe nan lanmou san entere yo! E pou gason ki rekonesan enve yo

Reply  ... More

Garry Destin says...

It is a beautiful

Reply  ... More

Rudgery says...

Se gwo zafe, menm mwen menm kap li ti istwa-a, li fe m kontan anpil.

Ke kontan, oubyen la jwa, Sa pa vann nan famasi.

Chak moun kap viv ta dwe kreye prop laboratwa pa yo, kote se bagay sa yo poul founi.

Reply  ... More

Leave a Reply

Name (required)

E-mail (required, will not be published)

Subject: Fanm Haitienne yo Lot Nivo... Respe Pou Nou... edit

» »